Non w pote l Vale e male w

Yon platfom ki la pou ede w aprann, devlope, avanse e grandi nan vi finans ou. Vini avek keksyon sou sa w ta renmen konnen e pataje avek yonn lot konsa nou tout ap fe sikse. Se ansanm nou fo ann pote kole, ann ede yonn lot ann rive ansanm.

Tanpri respekete yonn lot, pa pran chans fe anyen ke ou pata renmen yon lot di w oswa fe w. Respe yonn pou lot ap ede nou rive lwen, men si w pa gade mo dod sa, wap pedi akse sou platfom nan. Tanpri ann respeke yonn lot.
Post Reply
oukfel
Site Admin
Posts: 3
Joined: Mon Oct 14, 2024 6:00 pm

Non w pote l Vale e male w

Post by oukfel »

Eske w te konnen ke non w pote a se yon aktif oswa yon avantaj ou posede li ye? Anpil fwa moun pa bay non yo pote a gran vale epoutan si yo te konnen, yo tap travay di chak jou pou ogmante vale sou non yo. Se sa yo rele equite a. Si w pote non yon gran prezidan oswa yon moun ki vreman rich. Le w pase yon kote moun ba w respe tankou se fanmi moun sa ou ye menm le w pa anyen pou li. Akoz non ou pote a gen vale sou li, ou vinn jwi avantaj ke w pat menm redi pou li. Kisa m vle di pa la? Eske w konn tande granmoun lontan yo ap di, ke tout sa yo fe yo, se pa pou yo, men pou sa yo ki deye? Kisa w atann ak sa? Kijan l fe pou sa yo ki deye yo? Le paran w redi pou mete vale sou non w pote gen anpil avantaj ou gen pou jwi de li. Le w pase yon kote epi w di w se piti entel ou remake anpil pot ouvri pou ou. Se pa paske w te fe anyen pou sa men se avantaj vale paran w oswa fanmi w te prepare ke wap rekolte.

Eske w remake tou, sitou nan kilti nou le yo di ke non yon moun oswa yon fanmi sal? kisa ki souvan pase? Yon moun ka pedi anpil avantaj si l soti nan yon fanmi ak non ki sal oswa san vale. Genle wap mande kisa w fe wap peye, telman w santi ke non w pote a sanble gen kek giyon ladan l. Chak kote w pase, sanble ou jwen plis negatif ke pozitif defwa w konn pa menm reyalize ke se non w pote a kap kale w. Konsa tou si fanmi sa te fe yon bon bagay. Ou jwi anpil entere san efo ni redi.

Eske li bon pou nou kenbe non nou pwop e travay pou n met vale sou li oswa viv kouwe pa gen demen, epi jan l pase l pase?
Post Reply